Ann kwape kouwòn
lanmò kowona viris la
Mezanmi nou wè kowona viris
la sou nou toubon vre! Nou wè gen rezon pou nou pran prekosyon e fè prevansyon
pou nou pa trape viris la ! Se pou tèt sa nou tout nou dwe pran reponsabilite
nou pou ede peyi a, otorite sanitè yo, oksilyè, enfimyè ak doktè nou yo pou yo
fè fas kare ak epidemi an.
1. Ann fè prevansyon
Men kèk konsèy, m tire nan tout sa k
ap di sou maladi m panse ki ka ede fè prevansyon pou n pa trape viris la :
i.
Konsome pwodwi sa yo
San nou pap bliye pwovèb sa
ki di : exsè an tou nwi, men sa nou ka konome kòm prevansyon :
i.
Bwè yon tas pipi
w chak maten. Nan plizyè peyi yo itilize sa kóm medikaman pou ogmante rezistan kò moun e trete anpil maladi. Ann
Ayiti, depi lontan yo te konn itilize l lè moun gen lafyèv, gripe, oubyen pran
kout lè.
ii.
Pran yon bout chabon
bwa, pile l oubyen graje l epi pran yon kiyè, mete l nan yon ti dlo epi bwè li.
Ou ka fè de ou
twa fwa pa semèn. Chabon an se se yon gwo medikaman kont pwazon.
iii.
Chak maten bwè te langrichat, choublak, amwaz (absent amè), bwa chèn, noni,
ten, chadèk, zoranj. Se sèl pou mete nan te sa yo, se pa sik. Paske se sèl la k
ap fasilite aksyon te a nan kò w. Kòm pa gen enfòmasyon sou jan nou ka doze yo
epitou nou pa konn tout pwopriyete plant sa yo pa melanje yo tout ansan. Si w vle
melanje yo cheche konnen kòman yo konn melanje yo nan medsin tradisyonèl bò
lakay.
iv.
Chak manten bwè dlo sitwon
ak lay vyolèt. Mete dlo a cho epi mete sitwon an ladan l e koupe lay la tibout
tibout, bwè l.
v.
Bwè lalwa. Kale l
epi pran pati ki anndan l lan.
vi.
Bwè lèt cho. Men pa pran twòp, sitou si w deja gen bon ti laj. Lèt cho
sanble se yon bon klinè pou poumon.
vii.
Manje anpil zonyon, powo, siv, kawòt ak lòt ankò.
viii.
Bwè yon kiyè siwo
myèl chak maten.
ix.
Bwè ti te kanèl nou,
bazilik, kowosòl ak lòt nou konnen anplis ajoute miskad. Te sa yo brake ak sik.
Kòm nou konn twop sik pa bon pou lasante, kit se siwo myè ou sa k soti nan kann
nan.
2. Respekte jès baryè yo
Men jès baryè pou nou
respekte yo :
i.
Lave men nou toutan. Pote mask nou toutan nou kote lòt moun oubyen le nou nan
lari. Pa mete men nou nan bouch nou oubyen foure l nan twou nen noua k sye nou.
ii.
Mezanmi ann fè efò
pou nou pa kite kouwòn lanmò kowona rive lakay nou. Sispan pran pòs nou nou
eklere, nou siperyè pase lòt moun, nou se nèg lavi l, lòt la se peyizan, oubyen
m rich ou pòv, fi wouj ti nwè ann nou tout solidè kont kowona viris la.
iii.
Ann respekte konsiy yo ban nou yo pou n pwoteje tèt nou. Pa brave danje, pa di nou
fò, ti viris sa pa ka fè nou anyen. Oubyen bondye bon oubyen tou mikwòb pa tiye
ayisyen.
iv.
Toujou lave men ou ak dlo ak savon
lè l sal. Pa foure men nou nan dlo n ap lave l la. Swa se nan yon tiyo l ap
soti oswa yon lòt moun vide l sou men w pou nou. Itilize alkòl gèl oubyen likid pou nou
netwaye men nou sin pa ko jwen dlo ak savon pou nou lave men nou. Pa bliye sa,
alkòl la pa ka ranplase dlo ak savon an pou nou netwaye men nou. Ni tou li pa
tiye viris la dapre save yo epi apre apre 2 ou twa pase se lave pou nou lave
men nou.
v.
Lè w ap estènen kouvri bouch ou ak nen w ak yon mouchwa.Li pis konseye pou
itilize mouchwa papy. Apre ou fin
itilize l jete tousuit. Si w pa gen mouchwa pou touse oubyen estènen ladan l, pliye
kout bra w sou ou, l ap vin tankou yon V pou fè sa nan mitan V a.
vi.
Evite kole kò nou oubyen sere sere sou yon moun ki soti nan yon zòn ki gen
epidemi kowonaviris la, oubyen ki bay siy kòmkwa viris la ta déjà atake l. Kòm
egzam siy maladi a mou nan ka ap touse de tanantan, li ka gen lafyèv, grip, kò
fè mal, ak souf wo.
vii.
Pou moman sa a evite jwe ak bèt lakay nou sans nou pa proteje nou. Se vre
jiskaprezan espesyalis yo di yo pa jwenn prev gwo chenn transmisyon ant bèt nan
kay yo tankou chen, chat a moun. Ou pa jan m konnen, viris la ka modifye epi li
miltipliye mòd transmisyon l. Li ta bon tou pou nou pa manje vyann bèt ki mouri
poukont yo oubyen nou wè ki malad.
3. Imanite nou ak relasyon
sosyal nou
Mezanmi viris la se pa pyebwa
li atake se moun parèy nou li atake. Moun sa
yo takou nou yo gen santiman, yo gen dwa e yo merite ankadreman n pou yo pase
move moman sa. Tampri soupe:
i.
Ann pa stigmatize yon moun nou ta sispèk ki malad oubyen atake l pou n
touye l komkwa se konsa n ap evite nou pa pran viris la. Okontrè se lè sa ou
mete tèt ou e kominote a risk pou viris la gaye pi plis. Ann oryante pito moun
nou sispèk la bo kote doktè ak lopital. Ede l pou sove lavi l pito anba kouwòn
lanmò ki pandye sou tèt li a.
ii.
Ann pote solidarite a malad yo pandan n ap pran tout prekosyon pou l pa
trasmèt nou viris la.
4. Si nou ou sispèk ou malad
oubyen ou ta rive malad tout bon
Si malgré prevansyon ak
prekosyon ou ou ta sispèk ou malad oubyen ou rive malad toutbon :
i.
Gade kalm ou, pa fè tèt cho.
ii.
Kontakte prese prese sèvis lasante ki pi prè w la sitou si w gen fyèv, si w
ap touse oubye si w gen difikilte pou ou respire. Men nimewo ou ka rele yo :
4343, 3333, 37021733, 37021735.
Ann fè efo pou n soti nan move pas
sa a. Si siklòn kowona touye kanmen, la a se pa p fòt pa nou.
Jean Laforest Visene de Lyvia Tulce
JLV@LT
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire