jeudi 13 août 2015

Aji pou gen Rezon


Aji pou gen rezon
 

Nou gen sevo pou n reflechi, epi pou n konprann. Nou gen tou yon ko fizik pou nou aji ou reyaji suivan sa n konprann.
 

Men konnen, epi toujou sonje sa : Aksyon nou, pawol k ap sot nan bouch nou, komandaman n ap bay lanati, yo tout yo gen yon dimansyon mistik. Kidonk : TouT sa n fè, tout sa n di, yo gen pouvwa nou nou, sou branch nou, fèy nou, e  anviwonnman nou ! Kit yo baze sou bon konprann sevo n ban nou, kit se agisman malis malis nou pou n defann enterè mesken nou.
 

Nou tout pi piti pase sa nou fè ak sa nou di. Nou se dye apre Dye. Sa vle di pouvwa se tankou yon loray ki gwonde, l ale l tounen, li brase isit li brase lòtbò. Se tann pou tann li fin renzonnen.

 
Se menm jan tou yon mo sot nan bouch nou, zon zak nou fè nou pa gen ni kapasite, ni pouvwa pou n rekipere yo nan lanati ! Yon son ki sot nan bouch nou, nou ka regrèt nou te lache l, nou ka menm anvi bay lò ak diaman pou n fè tounen anndan gojèt nou men li soti, li soti nèt. Se tann pou n ret tann efe l, si l poko manifeste l. Se menm bagay la pou sa n ap fè ak jan n ap aji.

 
Ou anvi aji, enben, reflechi ankò avan w aji !

  

Jean Laforest Visene
                                                              Gid Ontò