mardi 21 avril 2020

Ann kwape kouwòn lanmò kowona viris la



Ann kwape kouwòn lanmò kowona viris la

Mezanmi nou wè kowona viris la sou nou toubon vre! Nou wè gen rezon pou nou pran prekosyon e fè prevansyon pou nou pa trape viris la ! Se pou tèt sa nou tout nou dwe pran reponsabilite nou pou ede peyi a, otorite sanitè yo, oksilyè, enfimyè ak doktè nou yo pou yo fè fas kare ak epidemi an.

1.      Ann fè prevansyon
Men kèk konsèy, m tire nan tout sa k ap di sou maladi m panse ki ka ede fè prevansyon pou n pa trape viris la :

                                i.            Konsome pwodwi sa yo
San nou pap bliye pwovèb sa ki di : exsè an tou nwi, men sa nou ka konome kòm prevansyon :

i.            Bwè yon tas pipi w chak maten. Nan plizyè peyi yo itilize sa kóm medikaman pou ogmante rezistan kò moun e trete anpil maladi. Ann Ayiti, depi lontan yo te konn itilize l lè moun gen lafyèv, gripe, oubyen pran kout lè.

ii.            Pran yon bout chabon bwa, pile l oubyen graje l epi pran yon kiyè, mete l nan yon ti dlo epi bwè li. Ou ka fè de ou twa fwa pa semèn. Chabon an se se yon gwo medikaman kont pwazon.

iii.            Chak maten bwè te langrichat, choublak, amwaz (absent amè), bwa chèn, noni, ten, chadèk, zoranj. Se sèl pou mete nan te sa yo, se pa sik. Paske se sèl la k ap fasilite aksyon te a nan kò w. Kòm pa gen enfòmasyon sou jan nou ka doze yo epitou nou pa konn tout pwopriyete plant sa yo pa melanje yo tout ansan. Si w vle melanje yo cheche konnen kòman yo konn melanje yo nan medsin tradisyonèl bò lakay.

iv.            Chak manten bwè dlo sitwon ak lay vyolèt. Mete dlo a cho epi mete sitwon an ladan l e koupe lay la tibout tibout, bwè l.

v.            Bwè lalwa. Kale l epi pran pati ki anndan l lan.

vi.            Bwè lèt cho. Men pa pran twòp, sitou si w deja gen bon ti laj. Lèt cho sanble se yon bon klinè pou poumon.

vii.            Manje anpil zonyon, powo, siv, kawòt ak lòt ankò.

viii.            Bwè yon kiyè siwo myèl chak maten.

ix.            Bwè ti te kanèl nou, bazilik, kowosòl ak lòt nou konnen anplis ajoute miskad. Te sa yo brake ak sik. Kòm nou konn twop sik pa bon pou lasante, kit se siwo myè ou sa k soti nan kann nan.

2.      Respekte jès baryè yo

Men jès baryè pou nou respekte yo :

i.            Lave men nou toutan. Pote mask nou toutan nou kote lòt moun oubyen le nou nan lari. Pa mete men nou nan bouch nou oubyen foure l nan twou nen noua k sye nou.

ii.            Mezanmi ann fè efò pou nou pa kite kouwòn lanmò kowona rive lakay nou. Sispan pran pòs nou nou eklere, nou siperyè pase lòt moun, nou se nèg lavi l, lòt la se peyizan, oubyen m rich ou pòv, fi wouj ti nwè ann nou tout solidè kont kowona viris la.

iii.            Ann respekte konsiy  yo ban nou yo pou n pwoteje tèt nou. Pa brave danje, pa di nou fò, ti viris sa pa ka fè nou anyen. Oubyen bondye bon oubyen tou mikwòb pa tiye ayisyen.

iv.            Toujou lave men ou ak dlo ak savon lè l sal. Pa foure men nou nan dlo n ap lave l la. Swa se nan yon tiyo l ap soti oswa yon lòt moun vide l sou men w pou nou.  Itilize alkòl gèl oubyen likid pou nou netwaye men nou sin pa ko jwen dlo ak savon pou nou lave men nou. Pa bliye sa, alkòl la pa ka ranplase dlo ak savon an pou nou netwaye men nou. Ni tou li pa tiye viris la dapre save yo epi apre apre 2 ou twa pase se lave pou nou lave men nou.

v.            Lè w ap estènen kouvri bouch ou ak nen w ak yon mouchwa.Li pis konseye pou itilize mouchwa papy.  Apre ou fin itilize l jete tousuit. Si w pa gen mouchwa pou touse oubyen estènen ladan l, pliye kout bra w sou ou, l ap vin tankou yon V pou fè sa nan mitan V a.

vi.            Evite kole kò nou oubyen sere sere sou yon moun ki soti nan yon zòn ki gen epidemi kowonaviris la, oubyen ki bay siy kòmkwa viris la ta déjà atake l. Kòm egzam siy maladi a mou nan ka ap touse de tanantan, li ka gen lafyèv, grip, kò fè mal, ak souf wo.

vii.            Pou moman sa a evite jwe ak bèt lakay nou sans nou pa proteje nou. Se vre jiskaprezan espesyalis yo di yo pa jwenn prev gwo chenn transmisyon ant bèt nan kay yo tankou chen, chat a moun. Ou pa jan m konnen, viris la ka modifye epi li miltipliye mòd transmisyon l. Li ta bon tou pou nou pa manje vyann bèt ki mouri poukont yo oubyen nou wè ki malad.

3.      Imanite nou ak relasyon sosyal nou
Mezanmi viris la se pa pyebwa li atake se moun parèy nou li atake. Moun sa yo takou nou yo gen santiman, yo gen dwa e yo merite ankadreman n pou yo pase move moman sa. Tampri soupe:

i.            Ann pa stigmatize yon moun nou ta sispèk ki malad oubyen atake l pou n touye l komkwa se konsa n ap evite nou pa pran viris la. Okontrè se lè sa ou mete tèt ou e kominote a risk pou viris la gaye pi plis. Ann oryante pito moun nou sispèk la bo kote doktè ak lopital. Ede l pou sove lavi l pito anba kouwòn lanmò ki pandye sou tèt li a.

ii.            Ann pote solidarite a malad yo pandan n ap pran tout prekosyon pou l pa trasmèt nou viris la.

4.      Si nou ou sispèk ou malad oubyen ou ta rive malad tout bon

Si malgré prevansyon ak prekosyon ou ou ta sispèk ou malad oubyen ou rive malad toutbon :
i.            Gade kalm ou, pa fè tèt cho.

ii.            Kontakte prese prese sèvis lasante ki pi prè w la sitou si w gen fyèv, si w ap touse oubye si w gen difikilte pou ou respire. Men nimewo ou ka rele yo : 4343, 3333, 37021733, 37021735.

Ann fè efo pou n soti nan move pas sa a. Si siklòn kowona touye kanmen, la a se pa p fòt pa nou.


Jean Laforest Visene de Lyvia Tulce
JLV@LT