lundi 27 mai 2019

MOUVMAN PETWO KARIBE A YON KRI KI PI PWOFON KE LAJAN KI BOULE A

MOUVMAN PETWO KARIBE A YON KRI KI PI PWOFON KE LAJAN KI BOULE A

Pi fò moun nan peyi d Ayiti ap pouse yon kri pou yo mande kote kòb Petwo Karibe a pase? Men kri sa pi pwofon ke sa l parèt la. Si jounalis mande pèp la ki jan l konpran sitiyasyon jeneral peyi a e ki jan l ap viv li l ap jwenn menm pawòl nou pral li la yo.  Pi fò ayisyen, tout koulè e ki soti nan tout kouch soyal peyi a, lè pale ak yo, y ap di w yo ta vle wè peyi yo chanje. Y ap di w, nou bouke wè peyi n se konsa l ap penpenen depi digdantan e li tounen lawont entènayonal, alòske li te pwomèt anpil bon bagay. Konpreyansyon pa nou mouvman Petwo Karibe a se sentèz tout fristrasyon sou jan peyi a ye e se yon okasyon pou yo eksprime fristasyon sa yo.

Men sa mouvman an vle di:

(i)               Nou boukè pè peyi n, aloske se la nou ta dwe santi n pi an sekirite e n alèz.
(ii)             Nou bouke wè fatra, nou bouke wè mouch ak ravèt toupatou ap manje nan menm asyèt avè n paske tout kote sal. 
(iii)            Nou bouke wè zam pasipala.
(iv)            Nou bouke wè jèn nou yo ap monte desann nan lari a tout jounen ak yon ti kèp kleren nan men yo, je yo tou wouj, pou y ap mande paske se pa sa yo ta vle.
(v)              Nou bouke wè entelektyèl peyi, tout nivo, tounen mandyan nan lari pou yo ka touye vè nan vant yo.
(vi)            Nou bouke wè malsite lavil kon andeyò, anwo kon aba, lakay sa te gen chans al lekòl kon lakay sa pa t gen chans pou sa.
(vii)          Nou bouke tande bawon lakwa blayi toupatou nan peyi a akoz zam.
(viii)         Nou bouke wè lamizè blayi toupatou nan peyi a. 
(ix)            Nou boukè wè ayisyèn pè fè biznis pou kreye travay nan peyi yo.
(x)              Nou bouke wè risk natirèl ki metrizab yo, paske gen teknik ak teknoloji ki devlope pou sa, kontinye ap touye moun pa ban ak pasp pakèt,  sempman, paske pa gen yon leta ki pran dispozisyon pou fè moun respekte nòm ki adapte ak risk natirèl ki nan anviwonman peyi d Ayiti (1).
(xi)            Nou bouke wè malgre tout sous ènegi yo egziste ann Ayiti, nou nan fènwa, depi solèy kouche pou jouk li jou nan demen. Alòske, depi digtantan, leta n ap pwomèt kouran 24 sou 24, men se koutay sou koutay k ap fèt sou lajan pou kouran an.
(xii)          Nou bouke tande dysapora ayisyen ap di: “A, ane a m p ap vin Ayiti non, paske bagay yo makawonnnnnn”.
(xiii)         Nou bouke tande ak li kominike lòt peyi k ap mande sitwayen yo pa al Ayiti, paske daprè yo, sitiyasyon insekirite ann Ayiti a pa gen diferans ak sa ki egziste nan peyi nou konnen n konnen yo. Nou pas bezwen site non yo. 
(xiv)         Nou bouke wè lajan peyi ap gaspiye nan banbòch, alòske fanm k ap bay lavi ap mouri paske pa gen lopital, medikamen ak medsen pou pran swen yo; 
(xv)           Nou bouke wè timoun peyi n nan lari a sal kon tòchon yo pa ka al lekòl, yo pa ka manje, se nèg ak kostim k ap eksplwate mizè yo pou foure yo nan gang pou enterè politik yo oubyen biznis yo.
(xvi)         Nou bouke soufri tansyon, sik ak lòt ankò, paske moun pè toutan nan peyi a, ak ensekirite tout kalite,  ki fè nou toujou sou andrenalin (2). 
(xvii)       Nou bouke wè fò moun nan peyi a, granmoun kon timoun soufri ak maladi sa yo, paske tout kalite ensekirite bloke bon fonksyonman sistèm kò yo. Yon peyi kote nou toujou gen santiman ensekitè pou vi nou ak byenèt nou, akoz menas zam; dezas natirèl kon trableman de tè; pou otorite pa kraze n ak machin yo lè n ap travèse lari; pou patwon pa fè nou tout kalite abi nan travay nou; pou vòlè pa vin bwote ti sa n genyen, elatriye. 
(xviii)       Nou bouke wè ann Ayiti si w ap travèse lari, menm si gen separtè oubyen ou nan yon ri ki sans inik, oubyen siyal sikilasyon, fò w gade anwo, fò w gade anba. Sinon, zotobre ap kraze w ak machin leta, ke taks ou peye achte, paske yo pa respekte anyen kòm règ. 
(xix)         Nou bouke wè ti granmoun ki ta merite lone nou, tounen avadra nan lari ap chache grenn diri nan pil fatra.
(xx)           Nou bouke wè pwòp manman n ak papa n, pitit nou, frè n sèn vwazen n, ap mouri paske yo fè aksidan, li pa jwenn lopital nan komin li te ye a pou ba l premye swen avan yo transfere l nan yon pi gwo lopital pou fin bal rès swen yo. 
Se pou sa, pi fò moun nan peyi a ap rele amwe, anmwe, anmwe. 

Men pi gwo kesyon an se ki jan pou pwoblèm yo rezoud?  Pa nou pa gen wout pa bwa: 
(i)   Premye bagay, se ta fè yon bon dyagnostik pwoblèm entèn peyi a ki fè l devni jan l ye a?
(ii)  Dezyèm bagay, lè kòz yo fin idantifye se ta jwenn solisyon yo;
(iii)         Twazyèm bagay, se aplike toutbon vre solisyon ki pi rasyonèl yo pou elimene kòz yo. 
(iv) Katriyèm bagay, pran dispozisyon  pou bagay yo pa regaye ankò. Epi se pa dikte n ap pran nan menm moun sou jan pou n jere peyi n

=====================================================================
(1)  Yon semp ti tranbleman de tè an 2010 tiye plis pase 300,000 moun senpman nan potoprens. E si transbleman sa te pase sou tout peyi an? Le n sonje dega siklòn Jeanne, Ike, Fay, Gustav, Hanna, Mathieu fè nan peyi ki sa fè pou pwoteje nou kont risk yo?

(2) Se vre kò nou gen kapasite pou sipòte yon ogmantasyon andrenalin, men se pou kek segond sèlman. Konekte sou pati sèvo n, savan yo rele “sèvo lenbik” la se sa ki bay tout maladi ki lye ak estress. Pati sa nan sèvo n se syèj memwa n ak enstentik konsèvasyon n. Alòske, kò n bati yon jan pou l konekte an pèmans, sèlman sou pati sèvo a ki rele “sèvo kortikal” ki pèmèt nou rezone, lojik e pale, ensikirite pèmanan ki nan peyi n fè nou toujou konekte sou pati sèvo lenbik nou.


Jean Laforest Visene de Lyvia Tulce

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire